Isaiah 55:1
Vini non, nou tout ki swaf dlo. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte diven ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ruth 4:1Bòz ale nan pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an, epi li chita. Lè sa a, yon moun vin ap pase. Se te nèg ki te fanmi Elimelèk pi pre pase l' la, nonm Bòz t'ap pale Rit la. Bòz rele l', li di l': -Entèl, vini m' pale ou, monchè! Chita non! Nonm lan al jwenn li, li chita.
Psalms 63:1(063:1) Se yon sòm David te ekri lè li te nan dezè peyi Jida a. (063:2) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan m' anvi wè ou! Jan m' ap tann ou sa a! Se tout kò m' k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.
Proverbs 1:21L'ap rele nan tout kalfou, nan pòtay lavil yo, toupatou kote tout moun ka tande.
Proverbs 9:1Bon konprann bati kay li, li kanpe l' avèk sèt gwo poto.
Song of Solomon 1:2Bo m' non, kouvri m' ak bo! Karès ou pi dous pase siwo myèl.
Song of Solomon 5:1M' antre nan jaden ki pou mwen an! Sò mwen, bèl ti nègès mwen. Mwen keyi lami ak lòt fèy santi bon. Mwen manje gato myèl mwen ak tout siwo a. Mwen bwè diven m', mwen bwè lèt mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou nou jouk nou sou!