Isaiah 56:4
Men sa Seyè a di: Lè yon moun ki chatre mete jou repo a apa pou mwen, lè li chwazi pou l' fè volonte mwen, lè li kenbe kontra mwen an fèm,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 24:15Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi.
Psalms 25:10Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l' yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo.
Isaiah 27:5Men, si lènmi pèp mwen an vle pou m' pwoteje yo, se pou yo vin fè lapè ak mwen. Wi, se pou yo vin fè lapè ak mwen.
Isaiah 56:2benediksyon pou moun ki fè sa m' di yo fè a epi ki toujou kenbe pawòl mwen yo fèm. benediksyon pou moun ki respekte jou repo a, pou moun ki pa mete men l' nan ankenn movezak.
Jeremiah 50:5Y'ap mande chemen pou y' al mòn Siyon, y'ap pran chemen an ale. Yo pral siyen yon kontra ak Seyè a, yon kontra k'ap la pou tout tan, yon kontra yo p'ap janm bliye.
Hebrews 6:17Men, Bondye te vle fè moun ki pou te resevwa sa l' te pwomèt la wè aklè li pa t'ap janm chanje pawòl. Se sak fè, li ajoute sèman an dèyè pwomès la.