The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 57 › Isaiah 57:12

Isaiah 57:12

M'ap denonse tou sa n'ap plede fè pou sove tèt nou. Nou kwè l'ap bon pou nou, men sa p'ap sèvi nou anyen.

Bib La

In The King James Version

I will declare thy righteousness, and thy works; for they shall not profit thee.

In Context

11Seyè a di: Kilès bondye sa yo ki t'ap ban nou kè sote, ki t'ap fè nou pè konsa, kifè ou bay tout manti sa yo? Kilès sa a ki fè nou bliye m' konsa? Nou pa chonje reve m'. Eske se paske mwen rete mwen pa di anyen kifè nou sispann gen krentif pou mwen?

13Lè n'a rele mande sekou, se pou tout zidòl nou yo vin sove nou si yo kapab! Yon senp ti van ap pote yo ale, yon ti briz van ap pati ak yo. Men, moun ki mete konfyans yo nan mwen va rete nan peyi a, y'a rete sou mòn ki apa pou mwen an.

Read all of Isaiah 57

Cross References

Isaiah 1:11Li di yo: Sa pou m' fè ak pakèt bèt n'ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n'ap boule sou lotèl la, ak grès towo n'ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa.

Isaiah 44:9Tout moun k'ap fè estati zidòl yo, se moun ki pa vo anyen. Bondye yo renmen anpil yo pa ka fè anyen pou yo. Moun k'ap pran pou yo se moun ki pa wè, moun ki pa konn anyen. Se pou sa yo pral wont pita.

Isaiah 59:6Menm jan ou pa ka fè rad ak fil zariyen, konsa tou sa y'ap fè a p'ap rapòte yo anyen ki bon. Se mechanste ase yo soti pou yo fè. Se nan san ase yo mete men yo.

Isaiah 66:3Pèp la fè sa yo pito. Yo touye bèf pou mwen jòdi, denmen yo touye moun pou zidòl yo. Yo ofri ti mouton pou yo touye pou mwen jòdi, denmen yo kase kou chen pou zidòl. Yo fè ofrann grenn jaden yo jòdi pou mwen, denmen yo fè ofrann san kochon pou zidòl. Yo boule lansan sou lotèl mwen an pou m' pa janm bliye moun ki fè ofrann lan jòdi, denmen y'ap fè sèvis pou di Satan mèsi. Yo pran plezi nan fè zafè pa yo jan yo vle. Yo kontan fè vye bagay lèd y'ap fè yo.

Jeremiah 10:11Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, n'a di moun lòt nasyon yo konsa: Tout bondye sa yo ki pa t' fè syèl la ak latè a pral disparèt sou latè, yo yonn p'ap rete anba syèl la.

Jeremiah 10:15Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 57:12

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 57:11Isaiah 57Isaiah 57:13 →