Isaiah 57:20
Men, mechan yo tankou lanmè ki boulvèse. Lanm lanmè yo ap bat san rete, y'ap jete kras ak labou sou rivaj la.
Bib La
In The King James Version
But the wicked are like the troubled sea, when it cannot rest, whose waters cast up mire and dirt.
In Context
21Bondye mwen an di: Pa gen kè poze pou mechan yo.
Cross References
Job 15:20Mechan yo pase tout lavi yo nan tèt chaje. Moun k'ap plede maltrete parèy yo p'ap viv lontan.
Job 20:11Mechan yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou. Men koulye a, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo.
Proverbs 4:16Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a.
Isaiah 48:22Men Seyè a di: Pa gen kè poze pou mechan yo!
Jude 1:12Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fè pou frè yo. Yo san ront konsa. Yo vin manje, yo vin bwè kont kò yo san chonje moun; se pròp tèt yo ase yo konnen. Yo tankou nwaj van ap gaye nan syèl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekòt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt.