Jude 1:12
Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fè pou frè yo. Yo san ront konsa. Yo vin manje, yo vin bwè kont kò yo san chonje moun; se pròp tèt yo ase yo konnen. Yo tankou nwaj van ap gaye nan syèl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekòt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 7:20lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase l' nan betiz, y'a fè chante sou li.
Psalms 1:3Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l' rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l' fè soti byen.
Psalms 78:29Yo tout te manje plen vant yo. Bondye ba yo tou sa yo te anvi.
Isaiah 56:10Li di: -Tout chèf ki la pou avèti pèp mwen an, je yo pete. Yo pa konprann anyen. Yo tankou chen ki pa janm jape. Lespri yo byen lwen. Yo kouche tout lajounen, y'ap kabicha.
Ezekiel 34:2-Nonm o! Bay mesaj sa a sou tout chèf ki reskonsab pèp Izrayèl la. Bay yo mesaj la, di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo te swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen.
Ezekiel 34:10Wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di nou: M'ap leve dèyè nou! M'ap wete mouton yo nan men nou. Mwen p'ap kite nou reskonsab mouton m' yo ankò. Konsa nou p'ap rete chita ap angrese tèt nou ase sou do mouton m' yo. Wi, m'ap wete mouton m' yo anba dan nou. Nou p'ap ka pwofite sou yo ankò.