Isaiah 58:12
N'a rebati vye kay nou yo ki te fin tonbe. N'a moute lòt kay sou ansyen miray fondasyon tan lontan yo. Y'a rele nou moun ki konn repare miray fann yo, moun ki konn balize granchemen yo, moun k'ap refè kay ki kraze yo pou moun ka vin rete nan peyi a ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Nehemiah 2:17Men lè sa a, mwen di yo: -Nou wè nan ki traka nou ye avèk lavil Jerizalèm k'ap fin kraze nan men nou avèk pòtay boule li yo. Vini non! Ann al rebati miray ranpa lavil la! Moun va sispann fè nou wont.
Nehemiah 6:1Sanbala, Tobija, Gechèm, moun peyi Arabi a, ansanm ak tout rès lènmi nou yo vin konnen nou te fin rebati miray la. Pa t' gen ankenn twou ladan l' ankò. Men lè sa a, nou pa t' ankò moute gwo batan pòtay yo.
Isaiah 49:8Men sa Seyè a di pèp li a: -Lè lè a va rive pou m' fè ou gras, m'a reponn ou. Lè jou a va rive pou m' delivre ou, m'a pote ou sekou. Se mwen ki te fè ou, se mwen ki te chwazi ou pou ou siyen yon kontra ak tout pèp yo. M'a fè peyi a kanpe ankò. N'a tounen viv nan peyi yo te ban nou an, peyi yo te devaste a.
Isaiah 52:9Pete rele, fè fèt ansanm, nou menm vye miray mazi lavil Jerizalèm yo! Paske Seyè a bay pèp li a kouraj ankò, li delivre lavil Jerizalèm.
Jeremiah 31:38Men sa Seyè a di ankò: -Pa rete lontan ankò, yo pral rebati tout lavil Jerizalèm pou Seyè a, depi gwo fò Ananyèl la jouk Pòtay Kwen an.
Ezekiel 36:8Men, sou tout mòn peyi Izrayèl yo, pyebwa yo pral fè fèy ankò, y'ap donnen pou nou menm, pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Paske nou pa lwen tounen nan peyi nou.