Isaiah 59:12
Seyè, se vre wi, nou te fè anpil peche kont ou! Koulye a, se peche nou yo k'ap kale nou. Yo la devan je nou. Nou rekonèt nou te fè yo vre.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezra 9:6Mwen di l' konsa: -O Bondye papa m'! Mwen twò wont, mwen pa konn sa pou m' fè! M' pa ka leve tèt mwen devan ou, Bondye mwen! Nou tèlman fè sa ki mal, yo fè pil moute pi wo pase tèt nou. Peche nou yo anpile yonn sou lòt, yo rive jouk nan syèl la.
Nehemiah 9:33Nan tou sa ki rive nou an, ou te gen rezon ou nan pla men ou. Paske, ou menm ou toujou kenbe pawòl ou. Se nou menm ki toujou ap fè sa ki mal.
Isaiah 3:9Depi ou gade yo, ou wè ki moun yo ye. Tankou moun lavil Sodòm yo, yo fè peche yo aklè pou tout moun wè. Se poutèt sa malè ap tonbe sou yo. Se yo menm menm k'ap rale l' sou tèt yo.
Jeremiah 3:2Leve je nou, gade tèt mòn yo! Eske gen yonn ladan yo kote nou pa t' aji tankou yon fanm k'ap fè jennès? Nou rete chita sou tout bò chemen ap veye gason, tankou arab k'ap veye moun nan dezè a pou piye yo. Nou avili tout peyi a ak lenkondite nou ansanm ak mechanste nou yo.
Jeremiah 5:25Se mechanste nou ki boulvèse tout bagay sa yo. Se peche nou yo ki fè nou pa jwenn tout bon bagay sa yo.
Jeremiah 14:7Pèp la ap rele nan pye Bondye, y'ap di: -Menm si sa nou fè a kont pou kondannen nou, ou menm, Seyè, fè kichòy pou sa ka sèvi yon lwanj pou ou non! Paske se pa ni de ni twa fwa nou vire do ba ou nan fè peche kont ou.