Isaiah 59:21
Seyè a di ankò: Men kontra mwen pral pase ak yo a: M'ap mete lespri m' sou yo. M'ap ba yo lòd mwen yo pou lòd mwen yo ka nan bouch yo, nan bouch pitit yo ak nan bouch pitit pitit yo, pou tout tan tout tan. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 119:43Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo.
Isaiah 11:1Menm jan yon ti plan pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la.
Isaiah 49:8Men sa Seyè a di pèp li a: -Lè lè a va rive pou m' fè ou gras, m'a reponn ou. Lè jou a va rive pou m' delivre ou, m'a pote ou sekou. Se mwen ki te fè ou, se mwen ki te chwazi ou pou ou siyen yon kontra ak tout pèp yo. M'a fè peyi a kanpe ankò. N'a tounen viv nan peyi yo te ban nou an, peyi yo te devaste a.
Isaiah 55:3Louvri zòrèy nou. Vin jwenn mwen. Koute byen sa m'ap di nou, n'a jwenn lavi. M'ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan. M'a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo.
Isaiah 66:22Menm jan lòt syèl ak lòt latè m'ap fè yo ap la pou lontan devan m', konsa tou pitit nou ak non nou ap la pou lontan. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 31:31Seyè a di ankò: Lè a pral rive, mwen pral pase yon lòt kontra avèk moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo.