Isaiah 60:16
Lòt nasyon yo ansanm ak wa yo va pran swen nou tankou yon nouris k'ap bay pitit li tete. Lè sa a n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki sove nou. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen tout pouvwa a, ki delivre nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 43:3Paske mwen menm, mwen se Seyè a, Bondye nou an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou! Pou m' te ka delivre nou mwen te bay peyi Lejip, peyi Letiopi ansanm ak peyi Seba a nan plas nou.
Isaiah 49:26Moun k'ap fè nou pase tray yo, m'ap fè yo yonn manje lòt. Y'ap bwè pwòp san yo jouk y'a sou tankou moun ki bwè diven. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm, Seyè a, k'ap sove nou. Se mwen menm, Bondye fanmi Jakòb la, Bondye ki gen pouvwa a, k'ap delivre nou.
Isaiah 59:20M'ap vin sou mòn Siyon an pou m' delivre tout moun fanmi Jakòb yo ki va vire do bay peche yo. Se Seyè a menm ki di sa.
Isaiah 66:11Tankou yon ti bebe k'ap tete manman l' jouk vant li plen, tankou yon ti bebe k'ap kontan souse lèt manman l', nou pral jwenn pa nou nan bèl bagay m'ap fè pou lavil Jerizalèm.
Ezekiel 34:30Tout moun va konnen se mwen menm Seyè a, Bondye yo a, ki kanpe la avèk yo. Yo menm, moun fanmi Izrayèl yo, se pèp pa m' lan menm yo ye. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.