2 Chronicles 6:41
Koulye a, leve non, Seyè, Bondye! Vin kote pou ou pran repo a! Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè wè jan ou gen pouvwa. Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans! Se pou tout pèp ou a rele tèlman yo kontan!
Bib La
In The King James Version
In Context
40Koulye a, Bondye mwen, louvri je ou, koute lapriyè n'ap fè nan pye ou isit la.
42Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a!
Cross References
Joshua 3:13Lè prèt k'ap pote Bwat Kontra Seyè a, Mèt tout latè a, va mete pye yo nan dlo larivyè Jouden an, larivyè a pral sispann koule desann, dlo a pral gonfle yon sèl kote bò tèt dlo a.
1 Chronicles 28:2David kanpe devan yo tout, li di yo konsa: -Frè m' yo ak nou tout moun nan pèp mwen an, koute sa m'ap di nou. Mwen te fè lide bati yon kay kote pou Bwat Kontra Seyè a rete, yon kay kote Seyè a ka mete fotèy li. Mwen te pare tout bagay pou bati kay la.
Psalms 65:4(065:5) Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a.
Psalms 110:2Seyè a va fè ou dominen sou peyi ki lòt bò fwontyè peyi Siyon. Li di ou: -Gouvènen sou tout lènmi ou yo.
Psalms 132:9Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans. Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan.
Isaiah 59:16Li sezi wè pesonn pa leve kanpe pou defann inonsan yo. Se konsa, li vin delivre pèp la ak pwòp fòs kouraj li. Li ba l' men, li pran defans li.