Isaiah 63:15
Seyè, antan ou nan syèl la, nan bèl kay ki apa pou ou a, tanpri, voye je ou gade nou non! Jan ou te fè jalouzi pou nou sa a! Jan ou te kanpe pou nou ak kouraj ou sa a! Jan ou te renmen nou sa a! Jan ou te konn gen pitye pou nou sa a! Kote ou kite tou sa? Gen lè ou fèmen kè ou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 8:27Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!
Psalms 25:6Seyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan.
Psalms 77:7(077:8-)Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò?
Psalms 80:14(080:15) Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tounen vin jwenn nou non! Kote ou ye nan syèl la, gade sak rive nou! Pran ka pye rezen ou lan non!
Psalms 89:49(089:50) Seyè, kote sa ou te fè nan tan lontan pou fè nou wè jan ou renmen nou an? Kote tout bèl pwomès ou te fè David yo?
Psalms 113:5Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt.