Isaiah 64:9
Tanpri, Seyè, pa fache tout fache sa a ak nou ankò! Pa kenbe nou nan kè ou poutèt peche nou yo! Se pèp pa ou la menm nou te ye! Tanpri, pitye pou nou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 25:9Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo.
Psalms 38:1(038:1) Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (038:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
Psalms 79:5Seyè! jouk kilè w'ap rete fache ak nou? Gen lè se pou tout tan? Eske w'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife?
Psalms 79:13Lè sa a nou menm, pèp ou a, mouton ki nan savann ou yo, nou p'ap janm sispann di ou mèsi. Pitit an pitit, n'a fè lwanj ou.
Isaiah 43:25Se mwen menm ankò k'ap efase tou sa nou fè ki mal. Se paske se mwen kifè m'ap fè l'. Mwen p'ap kenbe nou nan kè poutèt peche nou yo.
Isaiah 60:10Seyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l' konsa: -Se moun lòt nasyon ki pral rebati miray nou yo! Se wa yo ki pral sèvi nou domestik. Nan kòlè mwen, mwen te pini nou. Men, mwen gen pitye pou nou paske mwen gen bon kè.