Isaiah 65:23
Yo p'ap kraze kò yo travay pou bontan ankò! Travay yo va rapòte yo! Pitit yo p'ap konn sa ki rele malè ankò! M'ap beni yo ansanm ak pitit yo jouk sa kaba.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:7M'ap kenbe kontra m' lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou.
Leviticus 26:20N'a kraze kouraj nou travay di, men sa p'ap sèvi nou anyen: tè jaden nou yo p'ap bay anyen ankò, pyebwa yo p'ap donnen menm.
Leviticus 26:29N'a sitèlman grangou n'a touye pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi nou yo, n'a manje vyann yo.
Deuteronomy 28:38N'a plante anpil grenn nan jaden nou, men n'a rekòlte yon ti kras, paske krikèt va manje pifò.
Job 21:8Yo gen pitit ak pitit pitit. Yo wè yo ap grandi devan je yo.
Isaiah 49:4Mwen menm, mwen t'ap di nan kè m': Se pou dan ri m'ap fatige kò m'. Se pou gremesi mwen travay jouk mwen fèb. Men, m'ap toujou gen konfyans: Seyè a va ban m' rezon. Rekonpans mwen la byen sere nan men Seyè a.