Deuteronomy 28:38
N'a plante anpil grenn nan jaden nou, men n'a rekòlte yon ti kras, paske krikèt va manje pifò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 10:14Krikèt yo tonbe sou peyi Lejip la, yo poze toupatou nan peyi a. Moun pa t' janm wè kantite krikèt konsa, epi se bagay yo p'ap janm wè ankò.
Joel 1:4Sa jenn ti krikèt yo kite, gwo krikèt devore sa. Sa gwo krikèt yo kite, ti chini devore sa. Sa ti chini yo kite, gwo chini devore sa.
Joel 2:25M'a ban nou ankò tou sa nou te pèdi pandan tout tan bann gwo krikèt yo, ti krikèt yo, ti chini yo ak gwo chini yo te devore rekòt nou yo. Se mwen menm ki te voye lame sa a sou nou.
Amos 7:1Se konsa Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon vizyon. Nan vizyon an mwen wè Seyè a t'ap fè yon rafal krikèt vèt. Se te nan epòk yo te fin koupe pòsyon pa wa a nan jaden yo. Chak plant yo te fèk ap boujonnen ankò.
Haggai 1:6Nou simen anpil grenn nan jaden nou, men nou rekòlte ti kras. Nou manje, men vant nou pa plen. Nou bwè diven, men kè nou pa kontan. Nou gen rad pou mete sou nou, men fredi ap kale nou toujou. Travayè yo touche lajan, men sa pa ka bouche yon twou dan.