Isaiah 66:20
Y'a pran tout frè parèy nou yo, y'a mennen yo tounen soti nan peyi sa yo, tankou yon ofrann pou mwen. Y'ap mennen yo tounen sou mòn ki apa pou mwen an, lavil Jerizalèm, sou chwal, sou milèt, sou chamo, nan kabwèt kouvri, nan cha, menm jan moun pèp Izrayèl yo konn pote grenn jaden pou ofri nan tanp lan nan veso yo mete nan bon kondisyon espre pou sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
21M'a pran kèk moun nan moun sa yo pou fè travay prèt ak travay moun Levi yo. Se Seyè a ki di sa.
Cross References
Numbers 7:62Li ofri menm bagay ak Nakchon.
Isaiah 43:6M'ap di moun ki rete sou bò nan nò yo: Kite yo ale! M'ap di moun ki rete sou bò nan sid yo: Kite yo tounen! Kite pitit gason m' yo tounen soti byen lwen. Kite pitit fi m' yo tounen soti toupatou sou latè.
Isaiah 49:22Men sa Seyè a, Bondye a, di ankò: M'ap fè nasyon yo siyon ak men m'. M'ap leve drapo m' pou m' avèti pèp yo. Se yo menm ankò ki pral pran pitit gason nou yo sou do yo, k'ap mete pitit fi nou yo sou zepòl yo pou mennen yo tounen lakay nou.
Isaiah 54:3Ou pral louvri lakou ou sou bò dwat ak sou bò gòch pou fè plas. Moun ou yo pral tounen nan peyi moun lòt nasyon yo te pran nan men yo. Yo pral plen tout lavil ki te rete san moun yo.
Isaiah 60:3Nasyon yo pral kouri vin nan limyè nou an. Tout wa yo pral kouri vin nan klète jou k'ap leve pou nou an.
Isaiah 65:11Men pou nou menm ki vire do bay Seyè a, nou menm ki bliye mòn ki apa pou mwen an, epi ki al fè sèvis manje pou Gad, ki al fè ofrann bwason pou Mini,