Isaiah 66:19
M'a fè yo konnen se mwen menm k'ap pini yo. Men, m'ap sove kèk moun ladan yo, pou m' voye yo nan tout nasyon, nan tout peyi byen lwen ki poko janm tande non m' nan zòrèy yo, ki pa janm wè pouvwa mwen, nan peyi Lespay, nan peyi Libi, nan peyi Lidi, kote ki gen moun ki konn sèvi ak banza ak anpil ladrès, nan peyi Toubal ak nan peyi Lagrès. Yo pral fè moun tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 10:4Se Javan ki te papa Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.
1 Chronicles 1:7Men non pitit Javan yo: Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.
1 Chronicles 16:24Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.
Isaiah 2:16L'ap koule tout gwo batiman peyi Tasis yo, y'ap fè fon ak tout bèl bagay yo.
Isaiah 18:3Nou tout ki rete sou latè, leve je nou gade. Yo pral bay siyal la ak drapo kanpe sou tèt mòn yo. Louvri zòrèy nou, tande. Yo pral sonnen klewon an.
Isaiah 24:15Konsa tou, moun ki rete bò solèy leve pral fè lwanj Seyè a. Moun ki rete sou zile nan lanmè a pral fè chante pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.