Isaiah 7:2
Yo pote nouvèl la bay wa peyi Jida a ansanm ak tout fanmi l'. Yo di l': -Lame peyi Siri a gen tan anvayi peyi Efrayim. Wa Akaz ansanm ak tout pèp la te sitèlman pè yo t'ap tranble tankou fèy bwa lè van ap soufle.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 14:1Lè sa a, pèp la pran rele byen fò, yo pase tout nwit la ap kriye san rete.
2 Samuel 7:16Ap toujou gen moun nan fanmi ou chita sou fotèy la ap gouvènen apre ou, paske m'ap fè gouvènman fanmi ou lan kanpe fèm pou tout tan.
1 Kings 12:16Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a. Yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a. Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl yo vire do al lakay yo.
2 Kings 7:6Seyè a te fè sòlda lame Siri yo tande yon bann bri, ou ta di yon pakèt cha lagè, kavalye sou chwal ak yon gwo lame k'ap mache vini sou yo. Tout sòlda peyi Siri yo te konprann se wa peyi Izrayèl la ki te pran kontak ak wa peyi Et la ansanm ak wa peyi Lejip la pou vin atake yo.
2 Chronicles 28:12Lè sa a, kat nan gwo chèf moun peyi Efrayim yo: Azarya, pitit Jokanan, Berekya, pitit Mesilemòt, Ezekya, pitit Chaloum, ak Amasa, pitit Adlayi, leve dèyè moun ki te soti nan lagè yo.
Psalms 27:1Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble?