Ezra 4:2
Yo vin jwenn Zowobabèl ak chèf fanmi yo, yo di yo konsa: -Kite nou mete men ansanm ak nou nan travay pou rebati tanp lan, paske nou menm tou se menm Bondye a nou adore ak nou. Epi, depi lè Esaradon, wa peyi Lasiri a, te fè nou vin rete isit la, n'ap ofri bèt pou yo touye pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 17:24Wa peyi Lasiri a pran moun lavil Babilòn, moun lavil Kout, moun lavil Ava, moun lavil Ama ak moun lavil Sefavayim, li voye yo al rete nan lavil peyi Samari nan plas moun Izrayèl li te fè depòte yo. Moun yo pran peyi Samari a pou yo, y' al rete nan tout lavil yo.
2 Kings 17:41Konsa moun nasyon sa yo t'ap sèvi Seyè a, men yo te toujou ap sèvi zidòl pa yo tou. Pitit yo ak pitit pitit yo ap fè tankou papa yo jouk jounen jòdi a.
Ezra 1:5Lè sa a, chèf branch fanmi Jida ak chèf branch fanmi Benjamen yo, prèt yo, moun Levi yo ak tout lòt moun ki te fè lide a gremesi Seyè a, yo leve pou y' al rebati kay Seyè a nan lavil Jerizalèm.
Ezra 3:2Jozye, pitit gason Jeozadak la, ak tout prèt parèy li yo leve ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak tout fanmi l' yo, yo rebati lotèl Bondye pèp Izrayèl la pou yo te ka boule ofrann bèt sou li, dapre regleman ki ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a.
Psalms 73:8Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun.
Isaiah 37:37Senakerib, wa peyi Lasiri a, leve, li pati. Li tounen lavil Niniv.