Isaiah 8:22
y'a bese je yo gade atè. Toupatou se va renk kè sere ak fènwa, yon fènwa k'ap fè kè tout moun kase. Y'ap pèdi nan gwo fènwa. Tout moun nan peyi a te mèt gen kè kase, rive yon lè sa gen pou chanje, fènwa a p'ap toujou rete la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 10:21Seyè a di Moyiz ankò: -Lonje men ou anlè pou fènwa kouvri peyi Lejip la, yon fènwa sitèlman pwès moun ta ka santi li anba men yo.
2 Chronicles 15:5Nan tan sa yo, pesonn pa t' ka okipe zafè yo ak kè poze, paske te gen gwo dezòd pou tout moun nan tout peyi.
Proverbs 14:32Mechanste mechan an, se sa k'ap jete l' atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y'ap pwoteje l' menm lè lavi l' an danje.
Isaiah 8:20W'a reponn yo: Koute pawòl Seyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k'ap di nou fè lòt bagay, n'ap toujou rete nan fènwa.
Isaiah 50:3Mwen kouvri syèl la ak nwaj nwa. Li tankou yon moun ki nan lapenn pou ka lanmò!
Jeremiah 13:16Fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, anvan fènwa bare nou, pou pye nou pa al bite sou mòn yo lannwit la, anvan li fè limyè nou t'ap tann lan tounen yon gwo fènwa, yon dekou ki fènwa kou lank.