Jeremiah 13:16
Fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, anvan fènwa bare nou, pou pye nou pa al bite sou mòn yo lannwit la, anvan li fè limyè nou t'ap tann lan tounen yon gwo fènwa, yon dekou ki fènwa kou lank.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Nou menm pèp Izrayèl, Seyè a ap pale, louvri zòrèy nou pou nou tande! Pa fè gwo kòlèt!
Cross References
Joshua 7:19Jozye di Akan konsa: -Pitit mwen, fè lwanj Seyè a! Moutre ou gen respe pou Bondye pèp Izrayèl la! Koulye a, di m' kisa ou fè. Pa kache m' anyen.
Psalms 29:2Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a!
Psalms 96:7Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
Ecclesiastes 11:8Di Bondye mèsi pou chak lanne li mete sou lavi ou. Ou te mèt viv lontan, pa bliye tan ou pral pase lè ou fin mouri a long anpil. Tou sa ki vin apre pa vo anyen.
Isaiah 5:30Jou sa a, y'ap gwonde sou pèp Izrayèl la. Y'ap fè bri tankou lanmè lè li move. Voye je, gade peyi a! Se renk fènwa ak tray pou tout moun. Nwaj nwa bouche toupatou nan syèl la!
Isaiah 59:9Pèp la di: -Koulye a nou konnen poukisa Bondye ki pou ta defann kòz nou an rete lwen nou konsa, poukisa li pa vin delivre nou. Nou t'ap tann limyè pou klere kote n'ap mete pye nou, men kote nou pase se nan fènwa nou ye.