Isaiah 9:7
Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fotèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi koulye a jouk sa kaba. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè tou sa rive vre!
Bib La
In The King James Version
In Context
8Seyè a fè konnen desizyon l' sou peyi Izrayèl la ak sou moun fanmi Jakòb yo.
Cross References
2 Kings 19:31Va gen yon ti rès moun nan lavil Jerizalèm ak sou mòn Siyon an ki va chape. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè sa, paske li renmen ou anpil.
Psalms 45:4(045:5) Moute sou cha ou, al goumen, pou pran defans moun ki kenbe pawòl yo, moun ki gen bon kè, moun ki mache dwat devan ou. Kouraj ou ap fè ou genyen batay la.
Psalms 72:7Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè.
Isaiah 11:3L'a pran plezi l' pou l' obeyi Seyè a nan tout bagay. Li p'ap gade sou figi moun pou l' jije yo. Li p'ap rete sou sa yo vin di l' pou l' rann jijman.
Isaiah 32:1Yon jou, va gen yon wa k'ap gouvènen peyi a san patipri. Chèf yo va dirije peyi a jan sa dwe fèt.
Isaiah 42:3Li p'ap kraze sa ki fèb yo. Li p'ap lage sa ki san sekou yo. Men, l'ap rann jistis jan sa dwe fèt.