James 1:11
Solèy la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l' disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l' disparèt pandan tout kòmès li ap mache.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 22:46Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa.
Psalms 37:35Mwen te wè yon mechan ki te fè tout moun pè li, li te kanpe tankou yon gwo pye mapou.
Psalms 73:18Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini.
Psalms 102:11(0102:12) Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. M'ap cheche tankou zèb.
Isaiah 28:1Madichon pou gwògmann ki alatèt peyi Efrayim lan! Pouvwa yo ap fini tankou bèl flè ki te nan kouwòn yo te mete sou tèt yo a. Madichon pou bèl kapital k'ap deperi sou tèt mòn kote li dominen bon venn tè ki nan plenn lan! Madichon pou nou tout ki anba gwòg nou!
Isaiah 40:7Zèb la cheche, flè a fennen, lè Seyè a voye van li soufle sou yo. Se vre wi! Se tankou zèb pèp la ye!