James 1:9
Yon frè ki pòv dwe moutre jan li kontan lè Bondye fè kichòy pou li.
Bib La
In The King James Version
Let the brother of low degree rejoice in that he is exalted:
In Context
8Se yon moun ki pa konnen sa li vle, ki toujou ap chanje lide nan tou sa l'ap fè.
Cross References
Deuteronomy 15:7Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite.
Deuteronomy 15:11Va toujou gen kèk moun nan pèp Izrayèl la k'ap nan nesesite. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou aprann louvri men nou bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an.
Psalms 62:9(062:10) Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.
Proverbs 17:5Lè w'ap pase yon pòv malere nan betiz, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Moun ki kontan lè malè rive yon lòt, Bondye ap pini l'.
Jeremiah 9:23Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich.
Luke 9:48Epi li di yo: Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan tou. Moun ki pi piti nan mitan nou tout la a, se li ki pi grannèg.