James 3:10
Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m' yo, sa pa dwe fèt konsa.
Bib La
In The King James Version
Out of the same mouth proceedeth blessing and cursing. My brethren, these things ought not so to be.
In Context
11Yon sous dlo pa ka bay dlo dous ak dlo sale anmenmtan.
Cross References
Genesis 20:9Lèfini, Abimelèk rele Abraram, li di l'. Kisa ou fè nou konsa? Kisa m' fè ou pou ou ta lakòz yon gwo malè konsa tonbe sou mwen ak sou peyi a? Sa ou fè nou la a, se bagay moun pa gen dwa fè.
Psalms 50:16Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?
Micah 3:11Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo menm ap esplike lalwa a pou lajan. Ata pwofèt yo ap fè prediksyon pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Seyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Seyè a bò kote nou!
1 Corinthians 3:3Paske n'ap viv tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn toujou. Depi ou tande gen jalouzi nan mitan nou, depi nou gen kont yonn ak lòt, nou tou wè se moun lemonn nou ye, se tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan n'ap viv.
1 Peter 3:9Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l' ban nou lè li te rele nou an.