James 3:9
Avèk lang nou, nou fè lwanj Bondye papa nou. Avèk menm lang lan, nou bay moun madichon, moun Bondye te kreye pòtre ak li.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m' yo, sa pa dwe fèt konsa.
Cross References
Genesis 1:26Bondye di ankò. Ann fè moun. N'ap fè l' pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a.
Genesis 9:6Si yon moun touye yon moun, yon lòt moun gen pou touye l' tou, paske Bondye kreye moun pòtre ak li.
2 Samuel 16:5Lè wa David rive bò lavil Bakourim, yon moun fanmi wa Sayil soti lavil la vin kontre l'. Se te Chimeyi, pitit gason Gera a. Antan l'ap vanse sou David, li t'ap joure l', li t'ap ba li madichon.
1 Chronicles 29:10Lè sa a, David fè lwanj Bondye devan tout pèp la ki te reyini. Li di konsa: -Lwanj pou ou, Seyè a, Bondye Izrayèl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan!
Psalms 10:7Tout pawòl li se madichon, se manti, se twonpe moun. Li cho konsa pou l' pale moun mal, pou l' di gwo mo.
Psalms 30:12(030:13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Seyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.