James 3:13
Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l' moutre sa ak bon kondit li. Se pou l' fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 12:3Men Moyiz se yon nonm ki pa t' grandizè. pa t' gen pase l' sou latè.
Job 28:28Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.
Psalms 45:4(045:5) Moute sou cha ou, al goumen, pou pran defans moun ki kenbe pawòl yo, moun ki gen bon kè, moun ki mache dwat devan ou. Kouraj ou ap fè ou genyen batay la.
Psalms 122:8Poutèt fanmi m' yo ak zanmi m' yo, m'ap di: -Benediksyon Bondye sou lavil la!
Ecclesiastes 8:1Se moun ki gen bon konprann ki konnen jan pou l' bay esplikasyon. Lè yon moun gen bon konprann, sa fè kè l' kontan, tout pli nan fwon l' disparèt.
Isaiah 11:3L'a pran plezi l' pou l' obeyi Seyè a nan tout bagay. Li p'ap gade sou figi moun pou l' jije yo. Li p'ap rete sou sa yo vin di l' pou l' rann jijman.