James 4:12
Se Bondye ki fè lalwa. Se li menm tou ki sèl jij. Li gen pouvwa sove moun, li gen pouvwa kite yo pèdi. Men, ou menm k'ap jije frè parèy ou, ki moun ou konprann ou ye?
Bib La
In The King James Version
There is one lawgiver, who is able to save and to destroy: who art thou that judgest another?
In Context
Cross References
Job 38:2-Kisa ou ye menm pou w'ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen?
Matthew 10:28Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.
Romans 2:1Monchè, nenpòt sa ou ye, ou menm k'ap jije lòt moun yo, ou pa gen eskiz. Ou menm k'ap fè menm bagay ak lòt yo, se pwòp tèt pa ou w'ap kondannen lè w'ap jije yo.
Romans 14:4Ki moun ou ye konsa pou w'ap jije domestik lòt moun? Kit domestik la kenbe fèm nan sèvis la, kit li tonbe, sa se zafè ki gade mèt li ase. Men, pa pè, li gen pou l' kenbe fèm, paske Seyè a gen pouvwa pou l' soutni li.
Hebrews 7:25Se poutèt sa, depi koulye a, epi pou tout tan, li ka delivre tout moun, l'ap fè yo pwoche bò kot Bondye paske li menm li toujou vivan, l'ap lapriyè Bondye pou yo.