James 4:14
Nou pa menm konnen sa lavi nou va ye denmen. Lavi nou tankou yon nwaj. Li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Okontrè, men sa pou nou te di: Si Bondye vle, n'a wè denmen, n'a fè sa osinon sa.
Cross References
Job 7:6Jou m' yo pase pi vit pase zegwi nan men moun k'ap maye senn. Yo disparèt, pa gen anyen m'ap tann ankò.
Job 14:1Nou menm moun, se nan vant fanm nou soti. Lavi nou kout, men li pa manke traka!
Psalms 89:47(089:48) Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè.
Psalms 102:3(0102:4) Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo.
James 1:10Konsa tou, yon frè ki rich dwe moutre jan l' kontan tou lè Bondye rabese li. Paske, moun ki rich gen pou pase tankou flè zèb.
1 Peter 4:7Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n' ka lapriyè.