James 5:15
Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Seyè a va fè l' leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 33:24Pesonn nan peyi a p'ap plenyen di li malad ankò. Bondye pral padonnen peche tout moun ki rete lavil Jerizalèm.
Matthew 17:20Jezi di yo: Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè.
Mark 2:5Jezi wè jan yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: -Pitit mwen, peche ou yo padonnen.
Mark 16:17Moun ki kwè va fè anpil mirak; y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang.
1 Corinthians 11:30Se sak fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k'ap soufri feblès, san konte sa ki mouri deja.
James 1:6Men, se pou li mande ak konfyans, san l' pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.