Matthew 17:20
Jezi di yo: Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Men, kalite lespri sa yo, se fòs lapriyè ak jèn ki pou fè yo soti.
Cross References
Matthew 13:31Li ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou li al simen nan jaden li.
Matthew 14:30Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li kòmanse koule, li pran rele: Mèt, sove m' non!
Matthew 17:17Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen.
Mark 4:31Enben, li menm jan ak yon ti grenn moutad. Lè ou simen l', se yon ti grenn tou piti. Se li ki pi piti nan tout grenn ki sou latè.
Mark 11:23Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l' pa gen doutans nan kè l' menm, si l' gen fèm konviksyon sa l' di a gen pou rive, la wè l' rive vre.
Luke 17:6Jezi di yo: Si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di pye sikomò sa a: Derasinen tèt ou sot la a, al plante tèt ou nan lanmè, li ta obeyi nou.