James 5:19
Frè m' yo, si yonn nan nou pèdi chemen laverite a, epi yon lòt frè mennen l' tounen ankò,
Bib La
In The King James Version
Brethren, if any of you do err from the truth, and one convert him;
In Context
18Apre sa, li lapriyè ankò. Lè sa a, syèl la louvri, lapli tonbe, latè bay bèl rekòt.
Cross References
Psalms 119:118Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen.
Isaiah 3:12Sa fè m' lapenn pou pèp mwen an! Se yon timoun k'ap prije yo, se fanm k'ap kòmande yo. Sa fè m' lapenn anpil wi pou nou, pèp mwen an! Chèf yo fè nou pèdi chemen nou. Yo mele nou. Nou pa konn ki wout pou nou pran.
Ezekiel 34:16Sa ki pèdi yo, m'ap chache yo. Sa ki te soti nan bann yo, m'ap fè yo tounen nan plas yo. Sa ki blese yo, m'ap mete renmèd pou yo. Sa ki malad yo, m'ap geri yo. Men, sa ki gra yo, sa ki byen gwo yo, m'ap touye yo. M'ap swen mouton m' yo jan m' dwe fè l' la.
Luke 22:32Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè wa tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs.
1 Timothy 6:10Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.
2 Timothy 2:18Yo tou de vire do bay verite a, y'ap plede fè anpil lòt moun pèdi konfyans nan Bondye. Y'ap mache di: Nou leve soti vivan nan lanmò deja.