James 5:7
Se poutèt sa, frè m' yo, annou pran pasyans jouk jou Seyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l' rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Nou kondannen moun ki inonsan, nou fè touye yo. Yo menm, yo pa fè fòs ak nou.
8Nou menm tou, pran pasyans. Bay kè nou kouraj, paske Mèt la pa lontan vini.
Cross References
Deuteronomy 11:14m'a voye lapli sou tè nou lè n'a bezwen l', m'a bay lapli nan sezon plante ak nan sezon rekòt pou nou ka gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil.
Hosea 6:3N'a konnen Seyè a, n'a toujou chache konnen Seyè a pi byen. Tankou nou sèten solèy la gen pou l' leve, konsa tou nou sèten n'ap jwenn li. Tankou nou sèten lapli gen pou l' wouze latè lè sezon l' rive, konsa tou nou sèten l'ap vin jwenn nou.
Zechariah 10:1Lè sezon prentan rive, mande Seyè a pou l' ban nou lapli. Se Seyè a ki fè loraj gwonde, ki fè gwo lapli tonbe. Li fè jaden tout moun pouse.
Matthew 24:44Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè.
Luke 18:8M'ap di nou sa: L'ap regle zafè yo vit vit. Men, lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini, èske la jwenn moun ki gen konfyans nan Bondye ankò sou latè?
Romans 2:7Moun ki pa janm sispann fè byen, k'ap chache lwanj ak respè, k'ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p'ap janm fini an.