Jeremiah 11:21
Mesye lavil Anatòt yo te soti pou yo touye m'. Yo di m' konsa: O wi, si ou louvri bouch ou pou pale nan non Seyè a ankò, n'ap touye ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 30:10Y'ap di divinò yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: Pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.
Jeremiah 12:5Seyè a di: -Jeremi, si ou pèdi souf lè w'ap kouri ak moun, ki jan ou ka fè kouri ak chwal? Si kè ou pa poze lè tout bagay ap mache byen, si se lè peyi a pa an danje, ou gen kè poze, kisa w'a fè lè larivyè Jouden ap desann?
Jeremiah 20:1Pachou, pitit gason Imè a, te tande Jeremi t'ap di tout bagay sa yo. Pachou te yon prèt ki te chèf reskonsab Tanp Seyè a.
Jeremiah 26:8Fini Jeremi fin bay mesaj Seyè a te ba li lòd bay pèp la, prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo mete men sou li. Yo pran rele: -Se pou yo touye ou pou sa ou sot di la a!
Amos 2:12Men, nou fè nazirit yo bwè diven, nou bay pwofèt yo lòd pou yo pa bay mesaj mwen ba yo pou pèp la.
Micah 2:6Moun yo ap plede di m': Sispann pale konsa! Ou pa fèt pou di bagay konsa. Sa w'ap di a p'ap janm rive.