Jeremiah 2:16
Ata moun Menmfis yo ak moun Tapanès yo ap kale tèt yo.
Bib La
In The King James Version
Also the children of Noph and Tahapanes have broken the crown of thy head.
In Context
Cross References
Deuteronomy 33:20Men sa li di pou branch fanmi Gad la: Lwanj pou Bondye ki bay Gad anpil tè pou l' rete. Gad kouche tankou yon lyon k'ap veye, pou l' dechire yon bra, yon tèt, yon figi.
2 Kings 23:33Farawon Neko fèmen l' nan prizon lavil Ribla nan zòn Amat, pou li pa gouvènen nan lavil Jerizalèm anko. Lè sa a tou, farawon an fè peyi Jida soumèt devan l'. Li fòse peyi a ba li sètmil senksan (07.500) liv ajan ak swasannkenz liv lò.
Isaiah 8:8L'ap anvayi tout peyi Jida a, l'ap rive ra kou, l'ap kouvri tout peyi a. Bondye avèk nou! L'ap pwoteje peyi a anba zèl li!
Isaiah 30:1Men sa Seyè a di: -Madichon pou pitit mwen yo k'ap fè tèt di ak mwen! Nan tou sa y'ap fè, se pwòp lide yo y'ap swiv, se pa lide pa m'. Y'ap siyen lòt kontra, atout mwen di yo non. Y'ap fè peche sou peche.
Isaiah 59:13Nou te vire do bay Seyè a, nou voye l' jete. Nou derefize koute l'. Nou tòde men frè parèy nou, nou revòlte kont Bondye. Se move lide ase nou te gen nan kè nou. Se manti ase nou t'ap kalkile nan tèt nou.
Jeremiah 44:1Seyè a pale ak Jeremi, li ba li yon mesaj pou tout moun Jida yo ki te rete nan peyi Lejip, lavil Migdòl, lavil Tapanes, lavil Menmfis ak nan zòn lavil Patwòs.