Jeremiah 2:24
Ou tankou yon fenmèl bourik mawon nan savann. Lè li an chalè, l'ap pran sant van an. Lè li bezwen kwaze, ki moun ki ka kenbe l'? Mal yo pa bezwen bat kò yo pou yo jwenn li. Depi se mwa li, y'ap jwenn li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 11:12Konsa, moun fou va konmanse gen konprann. Bourik sovaj yo va donte.
Job 39:5Ki moun ki bay bourik mawon libète yo? Ki moun ki lage yo nan savann?
Jeremiah 2:27Yo rele pyebwa yo papa! Yo rele wòch yo manman m' ki fè m'! Wi, yo pito vire ban m' do, pase pou yo tounen vin jwenn mwen. Men, depi yo nan traka, y'ap rele: -Seyè, leve non! Vin delivre nou!
Ezekiel 16:33Yon jennès se peye yo peye sa. Men ou menm, se ou menm ki bay nonm ou yo kado, se ou menm k'ap ofri yo lajan pou yo soti toupatou vin kouche avè ou.