The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 2 › Jeremiah 2:25

Jeremiah 2:25

Izrayèl, manyè sispann! W'ap plede fatige janm ou yo! Gòj ou ap fin chèch! Men w'ap di: Non! M' pa kab fè anyen pou sa! Mwen renmen bondye lòt nasyon yo. Fòk m' al dèyè yo.

Bib La

In The King James Version

Withhold thy foot from being unshod, and thy throat from thirst: but thou saidst, There is no hope: no; for I have loved strangers, and after them will I go.

In Context

24Ou tankou yon fenmèl bourik mawon nan savann. Lè li an chalè, l'ap pran sant van an. Lè li bezwen kwaze, ki moun ki ka kenbe l'? Mal yo pa bezwen bat kò yo pou yo jwenn li. Depi se mwa li, y'ap jwenn li.

26Menm jan yon vòlè wont lè yo bare l', se konsa moun pèp Izrayèl yo pral wont, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo!

Read all of Jeremiah 2

Cross References

Deuteronomy 28:48Se poutèt sa, nou pral sèvi lènmi Seyè a pral voye sou nou. Nou pral soufri grangou, swaf dlo, toutouni, dizèt ak tout kalite mizè. Seyè a pral fè lènmi yo kraze nou anba men yo, jouk y'a fini nèt ak nou.

Deuteronomy 32:16Y' al adore bondye lòt nasyon. Yo fè Seyè a fè jalouzi, y' al fè sa ki mal, yo fè l' fè kòlè.

2 Chronicles 28:23Li t'ap ofri bèt pou yo touye pou bondye moun lavil Damas yo ki te bat li. Li t'ap di nan kè l': Bondye wa peyi Siri yo te ede yo. Si mwen fè sèvis pou yo, y'a ede m' tou. Men se sèvis bondye sa yo menm ki lakòz malè rive ni li ni pèp Izrayèl la.

Isaiah 20:2Men anvan sa, Seyè a te pale ak Ezayi, pitit Amòz la. Li te di l': Wete rad sak kòlèt ki sou ou a ak sapat ki nan pye ou la. Se sa menm Ezayi te fè. Se konsa li t'ap mache toutouni pye atè nan lari.

Jeremiah 3:13Sèlman, se pou nou rekonèt sa nou fè a pa bon. Nou pa t' kenbe pawòl nou avè m', Seyè a, Bondye nou an! Nou t' al toupatou, anba tout kalite pyebwa, pou fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo. Nou pa t' koute m' lè mwen t'ap pale nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Jeremiah 14:10Men sa Seyè a di pèp la: -Wi! Yo renmen al fè vakabon, yo pa ka ret an plas. M' pa kontan ak yo. M'ap chonje tout mal yo fè, m'ap pini yo pou tout peche yo fè.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 2:25

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 2:24Jeremiah 2Jeremiah 2:26 →