Jeremiah 2:36
Gade jan w'ap avili tèt ou, lè w'ap kouri dèyè bondye lòt nasyon yo! W'ap pran wont nan men peyi Lejip menm jan sa te rive ou avèk peyi Lasiri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 28:16Lè sa a, wa Akaz voye mande wa peyi Lasiri a sekou,
2 Chronicles 28:21Se konsa, Akaz pran dènye bagay ki gen valè nan kay Seyè a, nan palè wa a ak lakay chèf yo, li fè wa peyi Lasiri a kado. Men, sa pa t' sèvi l' anyen.
Isaiah 30:1Men sa Seyè a di: -Madichon pou pitit mwen yo k'ap fè tèt di ak mwen! Nan tou sa y'ap fè, se pwòp lide yo y'ap swiv, se pa lide pa m'. Y'ap siyen lòt kontra, atout mwen di yo non. Y'ap fè peche sou peche.
Isaiah 31:1Madichon pou moun k'ap desann peyi Lejip al chache sekou! Yo mete konfyans yo nan chwal, nan kantite cha lagè, nan fòs sòlda kavalye. Yo pa dòmi reve Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo pa chache pwoteksyon bò Seyè a.
Jeremiah 2:23Ki jan ou fè ka di ou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, ou pa janm kouri dèyè Baal yo? Gade tout vye makakri w'ap fè nan fon an! Rekonèt sa ou fè a non! Ou tankou yon jenn fenmèl chamo ki lage nan bwa, w'ap kouri adwat agoch.
Jeremiah 22:20Nou menm moun lavil Jerizalèm, ale nan peyi Liban, rele byen fò! Ale nan peyi Bazan, rele! Rete sou mòn Moab yo, rele! Paske yo kraze tout asosye nou yo.