Jeremiah 22:17
Men ou menm, yon sèl bagay ou wè, yon sèl bagay ou konnen, se enterè pa ou ase. Se konsa w'ap touye inonsan. W'ap maltrete pèp la, w'ap maspinen l'. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Li te defann kòz pòv malere yo. Tout bagay te mache byen pou li. Se sa ki rele konnen Seyè a.
Cross References
Exodus 18:21Men, w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
1 Samuel 8:3Men yo pa t' swiv egzanp papa yo. Yon sèl bagay ki te enterese yo se te fè lajan. Yo te konn pran lajan sou kote nan men moun pou regle zafè pou yo. Yo t'ap fè patipri.
2 Kings 23:37Men li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou zansèt li yo.
2 Chronicles 36:8Tout rès istwa Jojakim lan, jan li te sèvi vye zidòl yo ak tout mechanste li te fè yo, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo. Se Jojakin, pitit li, ki moute wa nan plas li.
Psalms 10:3Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye.
Jeremiah 7:6Pa pwofite sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa yo, sou fanm ki pèdi mari yo. Sispann fè san moun inonsan koule nan peyi a. Pa kouri dèyè lòt bondye yo. Se va pou malè nou.