Jeremiah 23:21
Seyè a di ankò: Se pa mwen ki voye pwofèt sa yo. Men, y'ap kouri ale toupatou. Mwen pa menm pale ak yo. Men, y'ap mache pale nan non mwen.
Bib La
In The King James Version
I have not sent these prophets, yet they ran: I have not spoken to them, yet they prophesied.
In Context
Cross References
Isaiah 6:8Apre sa, mwen tande Seyè a ki t'ap di: -Kilès mwen ta voye la a? Kilès ki ta asepte ale pou nou? Mwen di: -Men mwen. Voye m'!
Jeremiah 23:32Tande byen sa m'ap di: Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap rakonte rèv ki plen manti. Lè konsa, yo fè pèp mwen an pèdi tèt li ak manti y'ap ba li, ak bèl pawòl y'ap di pou tèt pa yo. Se pa mwen ki te voye yo. Se pa mwen ki te ba yo lòd ale. Yo pa ka fè anyen menm pou pèp la. Se mwen menm Seyè a ki pale.
Jeremiah 28:15Apre sa, pwofèt Jeremi di pwofèt Ananya konsa: -Koute byen, Ananya! Se pa Seyè a ki te voye ou di sa, tande. Ou twonpe konfyans pèp la.
Jeremiah 29:31-Voye mesaj sa a bay tout moun yo depòte lavil Babilòn yo. Men sa Seyè a di sou Chemaja, moun Nekelam. Chemaja pran pòz pwofèt li, men se pa mwen ki voye l'. Li fè nou bwè yon bann manti.
Acts 13:4Se konsa Sentespri te voye Banabas ak Sòl an misyon. Y' al nan peyi Selesi. Antan yo la, yo pran yon batiman pou lil Chip.