The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 28 › Jeremiah 28:4

Jeremiah 28:4

M'ap fè Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo tounen isit. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Wi, mwen pral kraze pouvwa wa Babilòn ki t'ap peze nou an.

Bib La

In The King James Version

And I will bring again to this place Jeconiah the son of Jehoiakim king of Judah, with all the captives of Judah, that went into Babylon, saith the LORD: for I will break the yoke of the king of Babylon.

In Context

3Nan dezan, jou pou jou, m'ap pote tout bagay ki te nan tanp Seyè a tounen nan plas yo. Wi, tou sa wa Nèbikadneza te pran nan tanp lan pou l' te pote ale lavil Babilòn, m'ap fè yo tounen nan plas yo.

5Lè sa a, devan tout prèt yo ansanm ak foul moun ki te nan kay Seyè a, pwofèt Jeremi reponn pwofèt Ananya.

Read all of Jeremiah 28

Cross References

Leviticus 26:13Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou nou pa t' rete esklav moun sa yo ankò. Mwen kase gwo kòd lwijanboje ki t'ap jouke nou an, mwen fè nou mache tèt anlè.

2 Kings 25:27Premye lanne wa Evilmewodak pran pouvwa a lavil Babilòn, li fè pa Jojakin, wa Jida a, li fè l' soti nan prizon. Lè sa a, Jojakin te gen trannsizan, onz mwa vennsèt jou, jou pou jou, depi yo te depòte l'.

Jeremiah 2:20Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m' ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Seyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye.

Jeremiah 22:10Nou menm moun Jida, nou pa bezwen kriye pou wa Jozyas ki mouri a. Nou pa bezwen pran lapenn pou li. Kriye pito pou Chaloum, sa yo depòte a. Li menm, li p'ap janm tounen lakay li, li p'ap janm wè peyi kote l' te fèt la ankò.

Jeremiah 22:26Mwen pral voye ni ou menm, ni manman ou ki fè ou la, nan peyi etranje. Nou pral nan yon peyi kote nou pa t' fèt. Se la ni ou menm ni li menm pral mouri.

Jeremiah 24:5-Se mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la k'ap pale. Mwen konsidere moun peyi Jida yo depòte yo, moun mwen voye nan peyi Babilòn yo, tankou yon panyen bèl fig frans. Mwen pral aji byen ak yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 28:4

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 28:3Jeremiah 28Jeremiah 28:5 →