Jeremiah 29:32
Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen pral pini Chemaya ansanm ak tout kòt fanmi li. Mwen p'ap kite yon moun nan fanmi li vivan nan mitan nou pou wè bèl bagay mwen pral fè pou pèp mwen an, paske li te moute tèt pèp la kont Bondye, Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:5Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
Joshua 7:24Jozye, ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo, pran Akan, pyès ajan yo, manto a, moso lò a ansanm ak pitit fi l' yo, pitit gason l' yo, bèlfi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton l' yo ak tout lòt bagay li te genyen, yo mennen yo nan Fon Malè.
2 Kings 5:27Se poutèt sa, maladi Naaman an pral tonbe sou ou, sou pitit ak pitit pitit ou yo pou tout tan. Lè Gerazi soti, li te gen maladi po a. Po kò l' te blan kou koton.
2 Kings 7:19Se konsa chèf gadkò a te di Seyè a te mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa Elize di a pa ka fèt. Elize menm te reponn li, li te di l': Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'.
Isaiah 14:20Yo p'ap antere ou jan yo fè l' pou lòt wa yo, paske ou te fini ak peyi ou la, ou te touye pèp ou a. Yo p'ap janm chonje non fanmi lwijanboje sa yo!
Jeremiah 17:6Y'ap tankou yon ti pyebwa nan dezè k'ap pouse nan yon tè sèk, san dlo, nan yon tè sale kote pèsonn pa rete. Yo p'ap janm wè zafè yo mache byen.