Jeremiah 3:9
Li pa t' wont. Li avili tout peyi a avèk lenkondite li. li al fè sèvis pou wòch ak pyebwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 57:6Nou pran kèk gwo wòch galèt nan ravin yo sèvi nou Bondye. Se yo ki tout nou. Nou fè ofrann grenn jaden ak ofrann diven pou yo vide sou yo. Nou konprann bagay konsa ka fè m' plezi!
Jeremiah 2:27Yo rele pyebwa yo papa! Yo rele wòch yo manman m' ki fè m'! Wi, yo pito vire ban m' do, pase pou yo tounen vin jwenn mwen. Men, depi yo nan traka, y'ap rele: -Seyè, leve non! Vin delivre nou!
Jeremiah 10:8Yo tout se yon bann egare san konprann. Kisa zidòl bwa yo ka moutre yo pase sa?
Ezekiel 23:10Yo mete l' toutouni, yo pran pitit gason ak pitit fi li yo. Lèfini, yo touye l' anba kout nepe. Se te yon egzanp pou tout fanm. Yo te fè l' peye pou sa l' te fè a dapre lalwa.
Joel 1:19Seyè, m'ap rele nan pye ou! paske chechrès la fini ak jaden zèb yo. Ou ta di se dife ki boule tout pyebwa yo!