Jeremiah 30:3
Paske, talè konsa mwen pral fè pèp mwen an, moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo kanpe ankò. M'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo, y'a reprann peyi a pou yo ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Men mesaj Seyè a voye bay moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo.
Cross References
Deuteronomy 30:3enben, lè sa a Seyè a, Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L'a mennen tout moun yo te depòte yo tounen lakay yo. L'a chanje sò nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote li te gaye nou yo, l'a sanble nou ankò.
Ezra 3:8Te gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalèm sou anplasman tanp Seyè a, lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rès moun pèp la, prèt yo ak moun Levi yo, avèk tout moun ki te tounen lavil Jerizalèm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fèt nan tanp Seyè a.
Psalms 53:6(053:7) Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' delivre pèp Izrayèl li a? Lè Bondye va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.
Jeremiah 16:15Lè sa a, y'a di pito: Se nan non Seyè a ki vivan, li menm ki fè pèp Izrayèl la soti kite peyi nan nò a ak tout lòt peyi kote li te gaye yo. Wi, m'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo a.
Jeremiah 23:7Seyè a di ankò: Se poutèt sa yon jou va rive lè moun pèp Izrayèl yo p'ap di lè y'ap fè sèman: Se nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip.
Jeremiah 27:22Y'ap pote yo ale lavil Babilòn. Y'ap rete la jouk lè m'a vin pran yo pou m' fè yo tounen nan plas yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.