Ezra 3:8
Te gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalèm sou anplasman tanp Seyè a, lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rès moun pèp la, prèt yo ak moun Levi yo, avèk tout moun ki te tounen lavil Jerizalèm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fèt nan tanp Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 4:3Pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a.
1 Chronicles 23:4David mete vennkatmil (024.000) pou dirije travay tanp lan, simil (06000) pou ekri tou sa k'ap pase ak pou rann jistis,
Ezra 2:2Men moun ki te alatèt yo: Se te Zowobabèl, Jozye, Neemi, Seraja, Reelaja, Madoche, Bilchan, Mispa, Bigwayi, Reyoum ak Baana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak fanmi:
Ezra 4:24Se konsa yo te rete travay tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Travay la rete bloke jouk dezyèm lanne rèy Dariyis, wa peyi Pès la.
Ezra 10:18Men lis gason ki te marye ak fanm lòt nasyon yo: Pami prèt yo, nan branch fanmi Jozye a, pitit Jeozadak la ak nan branch fanmi frè l' yo, te gen Maseja, Elyezè ak Gedalya.
Zechariah 4:9-Zowobabèl mete men nan fondasyon kay la. Li gen pou l' fini l'. Lè sa a, pèp mwen an va konnen se mwen menm, Seyè a, ki te voye ou bò kote yo.