Jeremiah 31:2
Nan dezè a mwen te aji ak bon kè ak moun ki te chape anba lanmò nan lagè. Moun Izrayèl yo pral resi viv ak kè poze.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 1:22Lè sa a, farawon an bay pèp la lòd sa a: -Se pou nou jete tout ti gason ki fèt lakay moun ebre yo nan gwo larivyè a. Men, kite tout ti fi yo viv.
Exodus 5:21Yo di yo: -Se pou Seyè a wè sa nou fè la a. Se pou l' pini nou. Paske se nou menm ki lakòz ni farawon an ni moun k'ap sèvi l' yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Nou mete yon nepe nan men yo pou yo fini ak pèp la.
Exodus 14:8Seyè a te fèmen kè farawon an, wa Lejip la. Farawon an pran rapouswiv moun pèp Izrayèl yo ki te soti kite peyi a devan je tout moun san pesonn pa t' di yo anyen.
Exodus 17:8Antan pèp Izrayèl la Refidim, moun Amalèk yo vin pou goumen ak yo.
Numbers 10:33Se konsa, pèp la leve li pati, li kite mòn Sinayi a, mòn Seyè a, yo mache twa jou. Epi Bwat Kontra Seyè a pran devan yo tout pou chache yon kote pou yo moute tant yo.
Deuteronomy 1:30Seyè a, Bondye nou an, ap mache alatèt nou. Li pral goumen pou nou menm jan nou te wè l' fè l' la nan peyi Lejip