Jeremiah 32:21
Ou fè nou soti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou ak gwo kouraj ou. Ou te fè anpil mirak ak anpil mèvèy, anpil bagay ki te fè moun pè.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Ou te ba yo peyi ou te pwomèt ou t'ap bay zansèt yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.
Cross References
Exodus 6:1Seyè a di Moyiz konsa: -Se koulye a ou pral wè sa m' pral fè farawon an. Mwen pral fè l' santi fòs ponyèt mwen. Vle pa vle, l'ap kite yo ale. Wi, m'ap fòse l' sitèlman, se mete l'ap mete yo deyò nan peyi l' a.
Exodus 13:9Sèvis sa a ap tankou yon mak nan men nou osinon yon bagay nou mete nan tèt nou pou nou pa bliye, pou nou ka toujou fè konnen lòd Seyè a. Paske, se avèk fòs ponyèt li li fè nou soti kite peyi Lejip la.
Deuteronomy 4:34Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouraj li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Seyè a, Bondye nou an, te fè l' pou nou devan je nou nan peyi Lejip la?
Deuteronomy 26:8Seyè a fè nou soti kite peyi Lejip la ak gwo fòs ponyèt li, li te fè anpil mirak ak anpil mèvèy, bagay ki te fè moun pè anpil.
1 Kings 8:42paske li tande jan y'ap nonmen non ou, li tande pale tout bèl bagay w'ap fè avèk fòs kouraj ou, si li vin lapriyè nan tanp sa a,
Psalms 89:8(089:9) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa gen moun ki gen pouvwa pase ou! Ou kenbe pawòl ou nan tout sikonstans, Seyè!