Jeremiah 32:7
-Anamèl, kouzen ou lan, pitit Chaloum, tonton ou bò papa, pral vin wè ou. Li pral mande ou pou achte yon jaden li genyen lavil Anatòt, paske se ou menm ki fanmi pi pre ak li, se ou menm an premye ki gen dwa achte l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Lè sa a, Jeremi rakonte ki jan Seyè a te pale avè l'. Seyè a te di l' konsa:
Cross References
Leviticus 25:23Yon tè pa fèt pou vann pou tout tan, paske tè a pa pou nou, se pou mwen li ye. Nou menm, nou tankou moun lòt peyi ki rete lakay mwen: mwen ban nou dwa sèvi sou tè a.
Leviticus 25:25Lè yon moun pèp Izrayèl parèy nou vin nan nesesite, epi li blije vann pòsyon tè ki pou li a, fanmi ki pi pre l' la va reachte tè li te vann lan, paske se li ki gen dwa fè sa.
Leviticus 25:49osinon tonton l', osinon pitit gason tonton l' yo, osinon yonn nan fanmi pre li yo ka fè pou li. Si li menm li vin gen mwayen, li ka reachte tèt li tou.
Joshua 21:18lavil Anatòt, lavil Almon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè kat lavil.
1 Kings 14:5Seyè a te fè Akija konnen madan Jewoboram ap vin wè li pou pitit gason l' lan ki malad. Li te di l': -Lè madan Jewoboram vini, l'ap fè tèt li pase pou yon lòt moun. Ou menm, w'a di l' sa m'a mete nan bouch ou pou di l'. Lè madan Jewoboram rive, li fè tèt li pase pou yon lòt moun vre.
Jeremiah 11:21Mesye lavil Anatòt yo te soti pou yo touye m'. Yo di m' konsa: O wi, si ou louvri bouch ou pou pale nan non Seyè a ankò, n'ap touye ou.