The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 33 › Jeremiah 33:21

Jeremiah 33:21

Enben, konsa tou, mwen siyen yon kontra ak David, sèvitè m' lan, pou toujou gen yonn nan pitit li yo chita sou fotèy wa a nan peyi a. Mwen siyen yon kontra ak moun Levi yo ansanm ak prèt k'ap sèvi m' yo. Kontra sa yo p'ap janm kase.

Bib La

In The King James Version

Then may also my covenant be broken with David my servant, that he should not have a son to reign upon his throne; and with the Levites the priests, my ministers.

In Context

20-Mwen pase yon kontra ak lajounen, yon kontra ak lannwit pou yo toujou rive lè pou yo rive a. Eske nou ka kraze kontra sa yo? Non.

22Mwen pral fè fanmi David, sèvitè m' lan, peple. Mwen pral fè moun Levi k'ap sèvi m' yo peple sitèlman yo p'ap ka konte kantite ki genyen. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè.

Read all of Jeremiah 33

Cross References

2 Samuel 23:5Se konsa Bondye pral beni tout ras mwen, paske li te pase yon kontra avè m' pou tout tan, yon kontra ki p'ap janm kase, yon pwomès ki p'ap janm chanje. Nan tout sikonstans l'ap fè m' genyen. L'ap ban mwen tou sa mwen vle.

2 Chronicles 21:7Men Seyè a pa t' vle detwi fanmi David la, paske li te pase kontra ak David. Li te pwomèt David li t'ap toujou gen yon moun nan ras li pou gouvènen peyi a devan Seyè a.

Psalms 89:36(089:37) Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la.

Psalms 132:17Se la m'ap fè yonn nan pitit David yo tounen yon gwo wa. Mwen p'ap kite limyè a soti nan fanmi moun mwen chwazi a.

Isaiah 55:3Louvri zòrèy nou. Vin jwenn mwen. Koute byen sa m'ap di nou, n'a jwenn lavi. M'ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan. M'a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo.

Jeremiah 33:18Va toujou gen prèt nan fanmi Levi a pou sèvi m' nan tanp lan, pou boule ofrann nan dife pou mwen, pou fè ofrann grenn jaden ak lòt ofrann bèt pou mwen chak jou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 33:21

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 33:20Jeremiah 33Jeremiah 33:22 →