Jeremiah 35:2
-Al jwenn moun branch fanmi Rekab yo. Pale ak yo. Fè yo vini ak ou nan yonn nan pyès chanm Tanp lan. Lè y'a rive la, w'a ba yo diven bwè.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a pale ak Jeremi ankò, lè sa a se Jojakim, pitit Jozyas, ki te wa peyi Jida. Li di l' konsa:
Cross References
1 Kings 6:10Li bati pyès chanm yo tout arebò tanp lan. Chak etaj te gen sèt pye edmi wotè. Yo te kole kole ak miray kay la. Yo te mare sou miray la ak travès sèd.
1 Chronicles 2:55Men branch fanmi moun ki te abil nan ekri ak kopye dokiman. Yo te rete lavil Jabèz. Se te moun Tira yo, moun Chima yo ak moun Souka yo. Se moun branch fanmi Kayen ki soti nan fanmi Amat, zansèt moun Rekab yo.
1 Chronicles 9:33Genyen nan fanmi Levi yo ki te sanba. Chèf fanmi sa yo te viv nan pyès chanm ki te nan Tanp lan. Yo pa t' gen lòt okipasyon pase lajounen kou lannwit yo t'ap fè travay yo.
1 Chronicles 28:12Li ba li plan tout bagay li te gen nan tèt li pou lakou tanp yo, pou tout chanm ki bay sou lakou yo, pou depo veso yo sèvi nan tanp lan ak pou depo bagay yo ofri pou mete apa pou Seyè a.
2 Chronicles 31:11Ezekyas bay lòd pou yo pare kèk pyès nan Tanp lan pou sèvi depo. Lè depo yo fin pare,
Nehemiah 13:5Se konsa li pran yonn nan gwo chanm depo kote yo te konn mete ofrann yo, lansan an, veso ki sèvi nan tanp lan, ofrann ladim sou ble a, sou diven nivo a ak sou lwil, ofrann yo te fè pou moun Levi yo, pou mizisyen yo ak pou gad pòtay yo, ansanm ak pòsyon yo mete apa pou prèt yo, li fè ranje chanm lan pou Tobija.