1 Chronicles 28:12
Li ba li plan tout bagay li te gen nan tèt li pou lakou tanp yo, pou tout chanm ki bay sou lakou yo, pou depo veso yo sèvi nan tanp lan ak pou depo bagay yo ofri pou mete apa pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 31:2-Mwen chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a.
1 Kings 14:26Li pran tout trezò ki te nan tanp lan ak nan palè wa a, ata gwo plak pwotèj an lò Salomon te fè fè yo.
1 Kings 15:18Lè wa Asa wè sa, li pran tout rès bagay an lò ak bagay an ajan ki te rete nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo nan men kèk moun pa l', li voye yo lavil Damas bò kote Bennadad, wa peyi Siri, pitit gason Tabrimon, pitit pitit Ezyon, ak mesaj sa a:
2 Kings 18:15Ezekyas ba li tout ajan ki te nan Tanp Seyè a ak nan trezò palè a.
1 Chronicles 26:26Se Chelomit sa a ansanm ak fanmi l' yo ki te reskonsab depo tout bagay wa David, chèf fanmi yo, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo ak tout lòt gwo chèf nan lame a te mete apa pou Seyè a.
Jeremiah 35:2-Al jwenn moun branch fanmi Rekab yo. Pale ak yo. Fè yo vini ak ou nan yonn nan pyès chanm Tanp lan. Lè y'a rive la, w'a ba yo diven bwè.